Tan an Mare Pandan Vakans lan

Download link:
Click here to download…

To listen to this audio, click on the PLAY button and follow along :)

 

  [embedded content]

Eske ou panse n’ap gen chans al laplaj jodi a?

 

Do you think we'll have the chance to go to the beach today?
 
Oh non, m pa kwè n’ap kapab.  Tan an mare deyò a.  Tout syèl la tou nwa.    Sanble lapli pral kòmanse tonbe.

 

Oh no, I don't think we'll be able to.  The weather looks bad outside.  The whole sky is totally dark.  It seems as if it's going to start raining.
 
Kwake li fè cho anpil, e nou bezwen yon ti lapli pou desann chalè a,  mwen vrèman swete lapli pa ta tonbe jodi a.

 

Although it's really hot, and we do need a little rain to bring the heat down, I truly wish that it would not rain today.
 
O poukisa ou di sa?  Ou konnen byen kiltivatè peyi sa a bezwen dlo lapli a pou grandi fwi ak vejetab yo.

 

Why do you say that?  You know very well that the farmers of this country need the rain to grow their fruits and vegetables.
 
Wi, mwen konnen.  Men mwen te reyèlman espere al benyen nan lanmè jodi a.  Tout rejim mwen t’ap fè pou prepare m pou vakans lan ta initil si m pa ka al fè bèbèl ak shotdeben m.  Lapli a degoutan.

 

Yes, I know.  But I was really hoping to go bathe in the ocean today.  All this dieting I did to prepare for this vacation would be useless if I can't show off my bathing suit.  The rain is an inconvenience.
 
Mwen t’ap koute radyo. Yo anonse tanpèt pou apremidi a. 

 

I was listening to the radio.  They've announced a storm for this afternoon.
 
Sa sa vle di?

 

What does this mean?
 
Sa vle di ka gen gwo van, loraj ak zeklè.  E li pa pridan pou  al naje nan move tan konsa.   Angiz chòtdeben, se ak parapli nou pral oblije soti.

 

This means that there may be strong winds, thunder and lightning.  And it's not safe to go swimming in bad weather such as this. Instead of wearing bathing suits, we'll have to go out with an umbrella.
 
Ala yon vakans...

 

What a vacation...
 
Nou ka toujou anmize nou si n’al gade yon fim nan sinema

 

We may still enjoy ourselves if we go see a film at the movies.
 
Ya… Men se pa pousa m te vin nan vakans.  Nou kouri pou lanèj ak fredi, nou vin tonbe nan chalè ak lapli.

 

Yeah, but that's not why I came on vacation.  We ran from the snow and cold weather, and found rain and heat.
 
Se konsa lavi a ye.  Men se pa pou nou rete plenyen.  Petèt demen move tan an va pase e li va fè bon.  Men Jodi a, n’ap pran parapli nou pou n’ale sinema.

 

That's life.  But we must not complain.  Maybe tomorrow the bad weather will pass and it will be nice. But today, we'll take our umbrella and we'll go to the movies.
 
Dakò.  Se yon bon lide.  M’espere solèy la va klere demen.

 

All right.  It's a good idea.  I hope the sun will shine tomorrow.
 
Track Vin Kenbe Mwen by Alabanza

 

 
Zeklè klere, li fè m sote.

 

Loray gwonde, fè kè m rete.

 

Mwen pa ka wè devan m.

 

Kibò m prale? Mwen pa konnen.

 

Petèt lanmò kache tou pre m.

 

 
Jezi, vin kenbe men mwen

 

Jezi, vin klere chemen m

 

Jezi, konsole kè mwen

 

 
Yon lè se maladi, yon lè se aksidan

 

Kanmenm yon jou n gen pou n mouri

 

Ou konn lanmò pa dous,

 

Ou te soufri pou ban n lavi

 

N’ap mande w fòs ou, n’ap febli

 

 
Ou te fè n yon pwomès avan ke w te monte

 

Ou di’n w’ap retounen yon jou

 

E si nou kwè nan ou

 

Lanmò p’ap gen viktwa sou nou

 

Menm jan ou te resisite

 

 

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
 


Read full article on bagay lakay



Like
Like
Happy
Love
Angry
Wow
Sad
0
0
0
0
0
0
Cron Job Starts