Yon ti dejene nan restoran an

Download link for this audio post:
Click here to download…

To listen to this audio click on the PLAY button and follow along :)

 

  [embedded content]

-Bonjou mesye.  Byenveni nan restoran nou an.  Kisa w ta renmen pran jodi a?
 Good morning sir.  Welcome to our restaurant.  What would like to have today?
 
-Kisa w genyen kòm bwason matmwazèl?

 


 What do you have for drinks miss?
 
-Nou genyen kafe, te, kola, ak bwason alkòl.

 


 We have coffee, tea, sodas, and alcoholic drinks.
 
-Ban m yon kafe trè fò silvouplè.

 


  Give a a very strong coffee please.
 
-Dakò. W’ap eseye reveye’w?

 


  Okay,  Are you trying to wake up?
 
-Wi.  M te pase yon nuit blanch yèswa.

 


  Yes. I had a sleepless night last night.
 
-M’espere kafe a va ede w. Eske w’ap pran dejene avèk nou?

 


 I hope the coffee will help. Will you have breakfast with us?
 
-Wi silvouplè.  Mwen ta renmen yon bòl fwi ak yogout.

 


  Yes please.  I'd like a bowl of fruits with yogurt.
 
-Dezole mesye, nou pa gen yogout pou kounye a.  Eske ou ta renmen fwi yo san yogout la?

 


 Sorry sir, we do not have any yogurt at this time.  Would you like the fruits without the yogurt?
 
-Non. Ban mwen yon sandwich ze ak janbon pito.

 


 No.  Give me a ham and egg sandwich instead.
 
-Dakò. Eske ou ta renmen ajoute zonyon ak tomat nan sandwich la, mesye?

 


 Okay.  Would you like to add onions and tomatoes to the sandwich sir?
 
-Si zonyon an griye, ou mèt ajoute l, men mwen pa vle tomat.

 


  If the onion is grilled, you may add it, but I do not want tomatoes.

-Dakò. Eske ou ta renmen anyen ankò?

 


  All right.  Would you like anything else?
 
-Non se tout.  Eske ou te ka pote kafe a anpremye silvouplè?

 


 No that's all.  Could you bring the coffee first please?
 
-Wi, mesye kafe a ap vini tousuit.

 


  Yes sir, the coffee will come right away.
 
-Mèsi madmwazèl.

 


 Thanks miss.
 
-Bon apeti mesye.

 


  Enjoy your meal sir.
 
Track: An Limyè by Jocelyne Béroard

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
 


Read full article on bagay lakay



Like
Like
Happy
Love
Angry
Wow
Sad
0
0
0
0
0
0
Cron Job Starts