Kondoleyans

Download link:
Click here to download…

To listen to this audio click on the PLAY button and follow along :)

 

  [embedded content]

Mezanmi! Ou konnen, kè m fè m mal pou madan Paul ak timoun li yo.

 

You know I feel bad for Mrs Paul and her kids.
 
Wi, lanmò mari l se yon gwo sezisman pou tout moun. 

 

Yes, her husband's death is a big shock to everyone.
 
What was wrong with the husband exactly?
 
Li te fè yon kriz kadyak.  Li mouri sibitman.

 

He had a heart attack.  He died suddenly.
 
Podyab timoun yo, kounye a yo san papa!

 

Poor kids, now they're without a father.
 
Lavi sa a kout.  Se pou sa nou dwe viv li abondamman

 

Life is short.  That's why we should live it to the fullest.
 
A wi, ou pa janm konnen ki lè jou pa w la va rive.  Sa se vre.

 

Yes,  you never know when your time will come. That is true.
 
E kòman fè ou poko al vizite yo toujou?

 

And how come you have not gone to visit them yet?
 
Nan sikonstans sa yo, mwen twouve li difisil pou m jwenn sa pou m di yon moun ki nan lapenn konsa.

 

In these circumstances, I find it hard to find what to say to someone in such sorrow.
 
E byen, ale wè yo non. Mwen sèten prezans ou sèlman va sifi.  Petèt ou te ka ede madan Paul ak timoun yo tou pandan li okipe ap resevwa moun ki vin swete l kondoleyans. Oubyen ou ta ka pote yon ti goute pou bay etranje ki vin wè li.

 

Well, go see them.  I'm sure your presence only will be enough.  Perhaps you could help Mrs Paul with the kids also while she's busy receiving guests that are coming to say their condolences.   You could bring snacks for her guests.
 
Ah wi se yon bon lide.  Mwen va ale wè li toutalè.

 

Yes that is a good idea.  I will go to see her soon.
 
M panse li va apresye sa.

 

I think she'll appreciate it.
 
Wi sa w di a se sa. Mwen va fè l konnen ke kè m byen atriste pou tande sa ki pase a, e pa genyen yon mo ki sifi pou retire lapenn ni, men m’a kenbe l nan lapriyè. 

 

Yes you are right.  I will let her know that I'm sad to learn about what happened, and that there are no words enough to remove her pain, but I'll keep her in my prayers.
 
Pafwa nou pa konn sa pou n di pou n konsole yon moun ki nan chagren, men zanj yo konnen.

 

Sometimes you don't know what to say to comfort a person who's grieving, but the angels know.
 
M kwè jodi a se yon bon jou pou m di w m apresye tout sa ou fè.

 

I think today is a good day to tell you that I appreciate all that you do.
 
Wi, nou pa di sa ase.  Nou pa di li souvan.  Li pa bon lò nou tann jouk li twò ta.  Mwen apresye ou tou.
Yes, we don't say it enough.  We don't say it often.  It's not good to wait until it's too late. I appreciate you too.

Track # 10 - from The good news is the bad news was wrong.
Mèsi Bémòl :)

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
 


Read full article on bagay lakay



Like
Like
Happy
Love
Angry
Wow
Sad
0
0
0
0
0
0
Cron Job Starts